Hatian Music nwel lanmou nap fété Nwel...

Fet mwel ce youn nan pi bel fet an Ayiti . nan moman sa fanmi, zanmi profite patage emosyon kontantman yo ,patage sa yo genyen.sa ki renmen leglis al nan mes minwi sa ki renmen banboch al nan reveyon.men gen you bagay ki toujou rete dificil an Ayiti se distribye nimpot ki jwet bay ti moun yo .
ministe la kilti oubyen ministe edikasyon nasyonal pa janm mete sou pye promosyon antreprise ki kapab fabrike jwet pou ti moun .tout ti moun renmen jwe e ce you activite enpotan pou pemet yo devlope ,grandi ,konprann la vi.
men si pa genyen oken proje pou fabrike jwet nan peyi a ti moun nou yo kondane pou pa jwen jwet oubyen utilise jwet pepe ki pa toujou pran kont de realite peyi a .
you socyete e menm you fanmi ki pa pran tan pou li reflechi sou distraksyon ti moun li socyete sa kondane paske li pa gen moyen pou li kree ou socyete ki gen repe.
ki donk nap fete men nap reflechi tou ak mwayen pou ti moun nou yo ka fete nwel la nan diyite.
BON FET NWEL